24-FHKC-WebHeader-Procurement

Konsènan Florida KidCare

Bon kalite asirans sante ak asirans dantè ki fèt espesyalman pou timoun soti depi nesans rive nan 19yèm anivèsè.

Konsènan Florida KidCare

Bon kalite asirans sante ak asirans dantè ki fèt espesyalman pou timoun soti depi nesans rive nan 19yèm anivèsè.

Kisa Florida KidCare ye?


Florida KidCare se non mak pou kat pwogram asirans sante ki baze sou revni; Medicaid, MediKids, Timoun an Sante nan Florida ak Plan Sante Sèvis Medikal Timoun (Children Medical Services, CMS) ki ansanm ofri kouvèti san entèripsyon pou timoun nan Florida depi lè yo fèt jiska 19yèm anivèsè yo. 

 

An fonksyon laj timoun nan, kantite moun nan fanmi an, ak revni fanmi an, nou mete chak timoun otomatikman nan pwogram ki pi adapte ak li a nan kat pwogram Florida KidCare yo. Enskripsyon an gratis e li disponib pandan tout ane a, ou ka aplike konnya enskripsyon an toujou louvri. Kòmanse aplikasyon fanmi w lan, jis klike sou bouton Apply|Log In; pou w kreye yon kont epi aplike. Florida KidCare ap fè rès la. Sa fasil!

Medicaid

Pwogram Medicaid la, se Depatman Timoun ak Fanmi yo ki jere l, li fèt pou fanmi ki gen revni ba yo. Li disponib pou timoun soti nan nesans pou rive nan 19yèm anivèsè.

MediKids

Se ajans Administrasyon Swen Sante a ki jere Pwogram MediKids la, li fèt pou timoun ki pa gen anpil laj. Li disponib pou timoun Florida yo soti nan 1 pou rive nan 5yèm anivèsè. MediKids ofri tou de yon opsyon CHIP sibvansyone ak yon opsyon pou peye konplè. 

Florida Healthy Kids

Pwogram Florida Healthy Kids la, se Sosyete Florida Healthy Kids la ki jere l, li fèt pou timoun ki nan laj pou ale lekòl. Li disponib pou timoun soti nan 5 pou rive nan 19yèm anivèsè. Florida Healthy Kids ofri tou de yon opsyon CHIP sibvansyone ak yon opsyon pou peye konplè.

Plan Sante Sèvis Medikal pou Timoun (CMS)

Plan Sante Sèvis Medikal pou Timoun (CMS), se Depatman Sante Florida la ki jere l, li fèt pou timoun ki gen bezwen swen sante espesyal. Li disponib pou timoun soti nan nesans pou rive nan 19yèm anivèsè.

Patnè Gouvènman Eta a - Travay Pi Byen Ansanm.

Kat patnè eta yo travay ansanm pou ofri bon kalite sèvis pou fanmi nan Florida -  Ajans Administrasyon Swen Sante,  Depatman Timoun ak Fanmi nan Florida,   a; Depatman Sante Florida  ak Sosyete Timoun an Sante nan Florida. Chak patnè gen yon wòl enpòtan nan fonksyònman pwogram Florida KidCare. 

Fanmi Florida KidCare yo ka resevwa lèt dirèkteman nan men ajans sa yo de tanzantan.