
Yon Kouvèti ki Abòdab
Kouvèti Florida KidCare a baze sou revni e li ofri opsyon pou tout nivo revni. Pifò fanmi yo pa peye anyen ditou, e anpil peye pou pi piti $15 oswa $20 pa mwa.
Depans
Pèman chak mwa yo baze sou laj timoun lan, kantite moun nan fanmi an, ak revni anyèl ajiste. Kouvèti Florida KidCare disponib pou fanmi nan tout nivo revni..
Medicaid
0$
pa mwa
Sibvansyon CHIP
15$ oswa 20$
pa mwa
Pèman konplè
248.21$ oswa 259.50$
pa mwa pou chak timoun
Kèk fanmi ap elijib pou yon kouvèti Florida KidCare a ba pri gras ak Pwogram Asirans Maladi pou timoun nan (CHIP) Avèk CHIP, gouvènman an peye yon pati nan kantite pèman chak mwa ou an. Sa a rele yon sibvansyon. Gouvènman an deside kiyès ki kalifye pou kouvèti CHIP la, baze sou yon fòmil yo rele nivo povrete federal la. Yo itilize nivo povrete federal la pou detèmine kiyès ki kalifye pou anpil pwogram piblik.
Timoun ki nan fanmi ki gen revni fwaye yo ki ant 133% ak 200% nan nivo povrete federal kalifye pou kouvèti CHIP. Fanmi ki kalifye pou kouvèti CHIP yo peye sèlman $15 oswa $20 pa mwa pou kouvri tout timoun ki elijib nan kay la. Fanmi ki gen plis revni yo kalifye pou lòt opsyon Florida KidCare.
Timoun ki pa’ kalifye pou CHIP yo ka kalifye pou lòt kouvèti Florida KidCare yo rele pèman konplè. Tou de Plan yo Florida Healthy Kids ak MediKids yo ofri kouvèti pèman konplè. Kouvèti pèman konplè a gen menm avantaj ak CHIP, men ou peye kantite pèman an konplè chak mwa pou chak timoun ki kouvri paske pa gen okenn sibvansyon. Kounye a, pa gen okenn opsyon pèman konplè pou Plan Sante CMS la.
Kèk sèvis swen sante mande yon ti frè anplis yo rele kopèman. Lè yo mande yo, kopèman yo pa janm depase $10. Kontrèman ak anpil lòt plan sante, pa gen okenn dediktib avèk Florida KidCare. Avèk pèman chak mwa ki abòdab ak ti kras oswa san kopèman, pa gen okenn frè kache oswa depans enpprevi. Objektif nou se asire ke tout timoun nan Florida gen aksè ak sèvis yo bezwen lè yo bezwen yo.
Florida KidCare ap mete timoun yo otomatikman nan pwogram Florida KidCare ki pi adapte pou yo a.
Estime depans ou
Si ou’ entèrese mande yon kouvèti Florida KidCare pou timoun ou an (yo), itilize kalkilatè depans senp sa pou w ka fè yon estimasyon pèman prim mansyèl ou a.