24-FHKC-WebHeader-Data

Kouvèti ki Santre sou Timoun

Kouvèti nou an fèt espesyalman pou timoun epi li gen ladann sèvis yo bezyen yo pou yo grandi an sante epi ak kè kontan.

Kouvèti ki Santre sou Timoun

Kouvèti nou an fèt espesyalman pou timoun epi li gen ladann sèvis yo bezyen yo pou yo grandi an sante epi ak kè kontan.

Benefis


Florida KidCare fèt espesyalman pou timoun. Se poutèt sa kouvèti nou an bay timoun ou an aksè ak sèvis li bezwen nan chak etap kwasans li ak devlopman li.


Sèvis sante ak dantè yo bay atravè plan kalite ki bay yon chwa doktè, dantis, espesyalis, lopital, famasi, ak lòt founisè swen sante lokal.

Avantaj Florida KidCare yo gen sa yo ladann yo men yo pa limite ak sa sèlman:

Vizit Medikal

Vizit Swen prevantif
Vizit Maladi

Ijans

Transpò anbilans
Swen Lopital
Vizit nan Ijans

Famasi

Medikaman sou Preskripsyon
Vaksen

Swen Dantè ak Vizyon

Egzamen je anyèl ak linèt
Netwayaj ak Ranplisaj dantè

Sèvis Sante Mantal

Terapi
Tretman twoub ki gen rapò ak itilizasyon Sibstans

Konfò

Telesante
Swen ijan

 

Kèk sèvis mande yon ti frè, yo rele sa yo kopèman. Avèk Florida KidCare, anpil sèvis yo gratis e pa gen okenn kopèman ki depase $10.

Objektif nou se asire ke tout timoun nan Florida gen aksè ak sèvis yo bezwen nan lè yo gen bezwen yo a. Avèk pèman chak mwa ki abòdab ak ti kras oswa san kopèman, pa gen okenn frè kache oswa depans enprevi. Kontrèman ak anpil lòt plan, pa gen okenn dediktib avèk Florida KidCare.

Nou fè patenarya ak plan sante ou konnen e ou fè konfyans, tankou Aetna, Community Care Plan, Simply Healthcare, ak Sunshine Health, pou ofri avantaj ak bon kalite sèvis konplè.

Chak plan sante ofri pwòp meni li ak avantaj siplemantè, yo rele l tou avantaj valè anplis, gratis. Sa yo se bagay tankou leson naje, dra ipoalèjenik pou timoun ki fè opresyon, ak anpil lòt bagay ankò. Asire w pou poze kesyon sou avantaj siplemantè sa yo lè w ap chwazi plan sante pou timoun ou an.