Li rapid epi fasil! Tout pwogram Florida KidCare itilize yon sèl aplikasyon.
Pou aplike sou entènèt, monte sou FloridaKidCare.org.
Kreye yon Kont Pòtay Paran ou an tou, ranpli fòmilè an epi soumèt li.
Oswa ranpli yon fòmilè sou papye. Jwenn yon kopi sou imèl, lapòs oswa faks.
Pou jwenn èd konsènan fòmilè a oswa pou yo voye yon kopi papye pa lapòs ba ou, ou ka pale sou entènèt ak yon ajan an dirèk pandan lè fonksyonman yo oswa rele 1-888-540-KIDS (5437) Lendi - Vandredi, 7:30 a.m. - 7:30 p.m., lè lès, jou ferye pa ladan. Si w mande pou yon ajan ranpli fòmilè a nan non w, yon ajan espesyalize ka rele w pou ranpli fòmilè a ak ou nan telefòn.
Selon laj timoun nan, kantite moun ki nan fwaye a, revni fanmi an ak lòt kondisyon elijiblite, Florida KidCare ap mete pitit ou a otomatikman nan pwogram ki pi bon pou li a. Kòm enskripsyon lib la louvri pandan tout ane a, lè pou w aplike a se toujou kounye a.